“Fenk debake, Rose blije batay kont yon gwo Ouragan nan Florid”

Rose te fèk rive Florid gras a pwogram Biden lan. Li te kite Ayiti ak kè sere, men ak yon gwo espwa pou yon pi bon lavi pou li ak 2 pitit li yo. Lè li te debake nan ayewopò Miami a, chalè solèy cho Florid la te resevwa l, menm jan ak fanmi ki te vin chèche l. Li te di tèt li: “Lavi ap kòmanse pou mwen isit.”

Premye jou yo te pase byen. Rose te kòmanse abitye ak zòn kote li t ap viv la, menm si gen kèk bagay ki te toujou parèt difisil, gen kèk menm te sanble li etranje. Sitou koze lang lan. Anvan li te kite Ayiti, li te etidye anglè pou sizoka, men lè li rive la, ant sa li te aprann, sa li tande nan televizyon, e sa moun nan antouraj li t ap pale, se te twa bagay diferan ki pa t melanje ditou. Donk, an konklizyon, li pa t konn pale anglè byen, men ak pasyans e entèlijans, li te gentan aprann byen vit kèk mo debaz ki te pèmèt li kominike pi fasil.

Yon lòt bagay ki te frape Rose pi fò, se kijan tan an te ka chanje rapid. Yon jou, solèy t ap klere, tan an te bèl, tout moun te kontan, men yon lòt jou, syèl la kouvri ak gwo nwaj nwa tankou yon gwo lapli pral tonbe, sa ki te bay anpil kè sote. Li pa t ka konprann kijan lapli te ka fè moun ki ap viv nan yon gwo peyi sote konsa. Men, li pa t okouran de yon pi gwo danje ki t ap menase Florid nan peryòd li te rive a.

Yon aprèmidi, pandan Rose t ap gade televizyon, li tande yon nouvèl ki fè l tranble: “Nou nan sezon ouragan. Gen yon gwo ouragan ki ap pwoche bò kòt Florid. Tanpri, fè tout preparasyon nesesè.” Li pa t fin konprann tout bagay, men tande mo “ouragan” te sifi pou fè l sonje gwo van ki konn pase Ayiti, k ap dechouke kay, kraze pye bwa, e fè anpil dega. Kanmenm, li rele Matant li pou mande kisa “ouragan” vle di, eske se pa menm bagay ak siklòn. Matant la reponn:

– Non, pitit fi mwen, bò isit la nou pa gen siklòn menm jan ak lakay, sak pase bò isit la yo rele yo ouragan, oswa van tanpèt.

Yon lòt bagay ki te parèt pi etranj ankò pou Rose : Van tanpèt la chanje non lè l sot nan peyi pòv pou l antre nan peyi rich. Tout moun ki te rete nan kay la, e ki te abitye ak sitiyasyon an, te kòmanse prepare pou ouragan. Dabò, yo te kòmanse sekirize kay la. Yo mete plèksiglas nan fenèt yo, ranje pwovizyon, epi mete dlo ak manje an rezèv. Anplis de sa, yo te kòmanse pran kontak ak zanmi ki rete pi lwen pou ka ebeje yo, sizoka otorite yo ta mande yo kite zòn lan. Rose pa t konnen kijan pou li te santi li.

Nan peyi li, li te deja abitye ak dezas natirèl tankou tranblemanntè ak inondasyon, men yon ouragan nan yon peyi etranje te parèt pi terib, paske tout bagay nan peyi sa a te sanble pi gwo. Pi gwo pwoblèm li, se te jwenn yon moun pou ka l ebeje l ak 2 pitit li yo, sa ki te parèt difisil. Konsa, li deside pase premye ouragan an nan yon ensekirite total, lè tout moun nan kay la te oblije ale. Anplis, Rose estime ke tout vi li an Ayiti te yon batay kont ouragan ki te pote non grangou, fè nwa, ensekirite, elatriye. Alòs, yon lòt fwa ankò, jan li toujou di: “Jan l pase, pase.”

Men lè premye van yo kòmanse soufle, yo te tèlman fò, yo souke kay la fò anpil, Rose santi bagay yo serye; se pa jwèt, se pa dan k ap griyen. Li kanpe yon ti tan tou kout devan yon fenèt kote li ap gade pye bwa k ap tonbe atè, brik kay k ap vole toupatou, ak dlo k ap monte pi wo pase kay la. Li kòmanse panike tout bon vre. Li sonje Matant li te di l: “Pa rete devan fenèt la pou vè a pa kraze nan figi w,” epi li kouri al kache ak pitit li yo nan yon chanm kote li panse l ap pi an sekirite.

Chak fwa li tande van an fè bri, kè li bat pi fò, sitou lè timoun yo ap kriye pi fò toujou. Lè Rose sonje kantite mizè li pase pou li rive jodi a nan peyi benediksyon sa a, epi kounye a se ak lanmò l ap goumen, li pa menm jwenn fòs pou li priye tèlman li panike. Li kòmanse mande: “Konbyen tan li pral pase nan kalvè sa a? San elektrisite, san dlo, san selilè, petèt san manje; pou konbyen jou ankò?”
Rose te gentan dezabitye ak blakawout 24 sou 24 la, donk yon jou san limyè se lanfè pou li.

Pandan nwit la, malgre van yo t ap bat pi fò sou fenèt yo tankou yon bèt sovaj, ak dlo ki te kòmanse antre nan kay la, se nan moman sa a fòs lespwa antre nan Rose. Li sonje manman l te toujou konn di l: “Nan nenpòt konba lavi a lage w, pa janm bese le bra. Depi gen vi, gen espwa. Toutotan ou vivan, ou ka fè dlo tounen diven.” Papa l, bò kote pa li, te konn di: “Lavi se yon batay, mete gan epi kanpe goumen.” Fraz sa yo te fè plis bri nan tèt li pase ouragan an nan moman sa.

Konsa, li chache toupatou nan kay la, jouk li jwenn yon moso katon ak yon kreyon, epi li ekri “HELP.” Li plase l devan fenèt la epi al chita nan yon kwen, ap karese timoun yo.

Apre plizyè èdtan nan laperèz ak priye, yon ti somèy te volèl, men se yon gwo bri kout mato sou fenèt la ki reveye l. Lè li aproche, li wè yon ponpye sou yon nechèl ak yon megafòn k ap pale fò. Li pa t ni tande, ni konprann tout sa li di, men li te sèten se sekou yo te vin pote l. Li kouri pran yon dra pou vlope 2 ti moun yo epi pwoche pi pre fenèt la. Manèv sekou a pa t difisil menm si dlo te anvayi kay la anpil.

Lè Rose soti nan chanm nan, li pa t rekonèt lari a. Li te sezi lè li wè se sèl kay kote li t ap viv la ki te rete kanpe. Pou premye fwa nan lavi li, li t ap monte yon kannòt pou ale nan yon sant abri otorite yo te mete sou pye. Rose pa t ka konprann gwo mirak ki te fèt pou li. Sèl grenn kay ki te reziste ak ouragan kriminèl la se te kay kote li t ap viv la.

Jounen sa a, Rose te aprann yon gwo leson: pa gen anyen ki fasil, menm nan yon peyi etranje, men fòs ki anndan yon moun kapab simonte nenpòt tanpèt. E kòm yon Ayisyèn ki soti nan yon tè kote lavi se toujou yon batay, li te konnen li pral kontinye goumen, ak espwa ak detèminasyon, menm devan pi gwo ouragan yo.

Michelle Latortue

Publications similaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *